[I]
Krèm, Krèm, Krèm (3 fwa) 
Medam kounya yo se Krèm, Krèm, Krèm
Blodè kounia yo se Krèm, Krèm, Krèm
Tout lajan w ba yo se Krèm, Krèm, Krèm
Krèm, Krèm, Krèm
Medam kounya yo se Krèm, Krèm, Krèm
Sèl bagay m konnen, figi yo pral fennen
Lè sa pral gen plenyen 
Nou gen koulè po poulè
Finnen tankou po poulè
[II]
M’ tande gen lekòl gratis 
Nan ki peyi
M’ tande nou pral gen kouran
Nan ki peyi
M’ tande nou gen wout anlè
Nan ki peyi ooooh 
Nan ki peyi
M’ tande grangou pral fini
Nan ki peyi
Prizonye pral jwenn jistis, m tande
Nan ki peyi
M’ tande minista itil, m tande 
Nan ki peyi ohoh, nan ki peyi
[III]
Tout lajounen yape ranse
Tout lajounen yap radote
Lòt peyi menm ap avanse 
Anyen pa janm regle
Tout lajounen yape ranse 
Tout lajounen yap radote 
Ayiti ap efondre 
Anyen pa janm regle
Tout peyi ap devlope 
Sèl ayiti k ap vlope 
Pase avèm, oh se kòb ki nan men w, mwen m paka tann (2fwa)
Vole avèm, oh m’ paka, m’ paka tann, m’ paka tann 
Pase avèm oh, se kòb ki nan men’w, mwen m’ paka tann 
Vole avèm, oh m’ paka, m’ paka tann, m’ paka tann 
Pase avèm  limena,
Pase avèm Malopanna
Pase avèm Olivia
Pase avèm Emma 
Pase avèm Valencia
Pase avèm Katiana
Pase avèm Madoda
Pase avèm Ipomène 
Pase avèm Teramène 
Pase avèm Agramène 
Pase avèm Ipona 
Pase avèm Bacheba
Pase avèm Kethiana 
Se kòb ki nan men’w banm afeksyon 
Boure l’ cheri, banm monnen tou wi
Komisyon pa chay
Tout sa yo mande w di w pa konnen
[III]
Apa yo dim shalom se yon biznis 
M pa konn anyen non
Roro Nelson te kale mazora
M’ pa konn anyen non
Yo dim Pouchon Duvergé ap douko
M’ pa konn anyen non
Yo di m’ Bicha renmen ji kawòt
Yo dim ou ka medsen pandan dezan
M’ pa konn anyen non
Moise Jean-Charles di l’ gen yon poulaye bèf
M pa konn anyen non 
Yo dim yo te bokse Gracia Delva 
M’ pa konn anyen non 
Aristide tonbe pou feblès kiyè 
M’pa konn anyen non, non m’ pa konn anyen (3 fwa)
M’ pa konnen, M’ pa konnen, M’ pa konnen (bis)
Non m’ pa konn anyen frè m’, dayè peyi sa pa gen kouran
Na verifye
Pastè blaze, fòkè
Sobo, foutbolè serye, avni peyi a
BET menm se telefòn moun lap vòlè
Pran ka kòw, Pran ka kòw, Pran ka kòw
Nenpòt sak ta rivew
Nenpòt sak ta rive pran kòw 
Si madanm ou twonpe w piga w bwè
Pran ka kòw
Si w ta wèw mazora, chèlbèw pa fini
Pran ka kòw
Si pandan w ap douko koulèa rabi
Pran ka kòw
Nenpòt sak ta rive, Pran ka kòw
Si w ap plede bat kòw, ou pran 2 kalòt
Pran ka kòw
Medam fin akouche epi se kout pitit 
Pran ka kò w
Madanm ou fin akouche epi se yon kout pitit
Pran ka kòw
Si w konstip piga w pete sou moun 
Nenpòt sa k rive w pran ka kò w
Oh dan sere 
Paste blaze move kou konn (4 fwa)
Ohoh li move
Pran ka kòw, Pran ka kòw, Pran ka kòw (2 fwa)
Izolan mwen prete sa epi men kijan yo fèl
Yo di m Korèl Pèd gen foli milat, mpa konn anyen non 
Patoutou, yo dim ou se yon grantou
M‘ pa konn anyen non 
Yo di m yo fè paste blaze deja
M’ pa konn anyen non
Ti Joe Zenny ou se yon kout pitit
M’ tande alman, agranman
M’ pa konn anyen  









